PETISYON “KAFOUFÈY VLE VIV* 🇭🇹
📢 PETISYON “KAFOUFÈY VLE VIV 🇭🇹
Petisyon Kafoufèy Vle Viv la gen pou objektif sansibilize tout Ayisyen k ap viv an Ayiti kou nan peyi etranje (dyaspora), epi rive kolekte plis pase 300,000 siyati pou montre solidarite nou ak tout fanmi ki viktim anba zak vyolans ak ensekirite yo.Atravè petisyon sa, nou vle mobilize ak sansibilize tout Ayisyen pou fòse leta pran bon jan mezi ak desizyon ki kapab pèmèt tout moun k ap viv nan kan yo retounen lakay yo nan diyite ak sekirite.
📌 Nou mande leta :
🔹 Mete kanpe yon baz militè oswa yon fòs sekirite espesyal (FÒS RFG) nan Kafoufèy, espesyalman nan zòn Savann Pistach, kote te deja genyen yon baz MINUSTAH nan ane ki pase yo.🔹 Kreye pi bon kondisyon sekirite pou popilasyon an kapab viv san kè sote.
Akonpaye tout moun Kafoufèy ki viktim anba zak vyolans depi plis pase 3 lane, kit se sou plan sosyal, sikolojik oswa ekonomik.Kafoufèy bezwen lapè.Kafoufèy bezwen sekirite.Kafoufèy bezwen lavi.
🇭🇹Siyen petisyon an epi pataje li pou plis moun ka mobilize.👇🏽https://c.org/kpW2HmkLJc



Laisser un commentaire